Lalin

Tradiksyon moso nan atik "Wikipédia" fransè a.

Ede nou soutni yon pwojè diksyonè kreyòl, yon kreyasyon lib :
Wiktionary-logo.svg Wiksyonè kreyòl

Lalin se sèl satelit planèt Latè.

Aldrin Apollo 11
Yon astwonot nan Lalin.

Etimoloji

Mo lalin nan soti nan lang fransè a (la lune) ki soti nan yon mo laten (luna).

Lalin se sèl grenn satelit natirèl ki nan planèt tè a. Li se senkyèm pi gwo satelit nan sistèm solèy la, li gen yon dyamèt ki 3 474 kilomèt konsa. Distans ki s separe li avèk tè a kapab 381 500 km konsa.

Lalin se premye e se sèl bagay ki pa sou tè a, moun vizite. premye moun ki t al mache ladan l, se te yon astwonòt ameriken ki rele Neil Armstrong jou ki te 21 jiyè 1969. Aprè li menm, onz lòt moun te pile lalin, tout se manm pwogram Apollo a.

Albedo

Albedo se yon kantite limyè solèy ki reflete nan sifas yon planèt oswa yon satelit, tankou Lalin nan.

Basen enpak

Basen enpak se yon kre ki rete sou sifas lalin akòz yon objè ki touche sifas li.

Dekwasan

Dekwasan dekri faz ki fèt apre yon plenn lin, lè pati klere lalin nan ki vizib ap vin pi piti.

Eklips linè

250px|right|thumb|Eklips linè

Eklips linè se yon fèt sèlman pandan yon plènlin, lè tè a pase ant solèy la ak lalin nan, epi lonbraj tè a tonbe sou lalin nan.

Eklips solèy

Eklips solèy se yon fèt lè lalin lan pase ant tè a ak solèy la epi lalin lan pwojte yon lonbraj sou tè a, sa ki anpeche latè wè solèy la; li ka pasyèl oswa total.

Faz linè

Faz linè se yon chanjman nan aparans lalin lan selon jan yo wè li sou tèa, akòz pozisyon relatif lalin nan, tè a ak solèy la.

Jipitè (planèt)

Jipitè se senkyèm planèt nan sistèm solè a. Dyamèt li gwo pase onz fwa dyamèt Latè a. Volim li gwo pase 1 317 fwa volim Latè a. Men Jipitè mwen dans pase Latè a. Paske òbit li 5,2 fois pi gwo pase òbit Latè a, yon lane sou Jipitè dire 11,86 an. Li tounen sou laks li toule dizè, se longè jou a pi kou nan sistèm solè a.

Li se yon planèt kouvri nan gaz (majorite se idwojèn) e li se planèt pi gwo nan sistèm solè a. Jipitè genyen yon gran tach wouj. Se yon tanpèt antisiklonik pèmanan ki gwo pase de ou twa dyamèt Latè a.

Jipitè genyen kat gwo lalin e plizyè ti lalin. Jodi a nou konnen 63 lalin nan sistèm jovyen. Galile se te astwonòm ki dekouvri an 1610 kat gwo lalin yo lè li gade nan teleskòp li. Jipitè genyen plizyè zanno konpoze nan pousyè. Jipitè genyen yon chan manyetik katòz fwa pi pisan pase chan manyetik Latè a.

Plizyè sonn te vizite planèt la. Pi enpòtan an se "Pioneer 10" an 1973, "Pioneer 11" an 1974, epi "Voyager 1" e "Voyager 2" an 1979. Sonn "Galileo" a se sèl ki rete nan yon òbit otou Jipitè; li rive an 1995.

Nòmalman li se katriyèm obje pi briyan nan syèl lannuit apre solèy la, lalin, epi Venis. Pafwa, planèt Mas la pi briyan pase Jipitè.

Planèt la pote non bondye a nan mitoloji women. Senbòl li se zeklè bondye a. Planèt la ban nou non pou jou "jedi" a.

Klè

Klè se ki gen klate. Yon bagay ki pa gen pyès malpwoprete, anjenman nan li. Eta yon nwit ki gen lalin ap klere.

Kwasan (lalin)

Kwasan dekri etap ki vin apre yon nouvèl lin, lè pifò pati ki klere nan lalin parèt vizib. Yonn nan fòm Lalin nan ki parèt chak mwa e pandan plizyè jou nan yon mwa.

Lamare

Lamare se yon monte ak desann peryodik nivo lanmè a akòz atraksyon gravitasyon pami tè a, lalin nan ak solèy la.

Lanmè linè

Lanmè linè se yon rejyon lalin sonm ak plat ki fòme lè ansyen lav rive nan sifas la epi yo plen kratè sou sifas lalin lan.

Latè

Latè se planèt nou. Se twazyèm planèt ki ap vire otou etwal Solèy nou an.

Neil Armstrong

Neil Armstrong, ki fèt 5 out 1930 nan Wapakoneta, Ohio epi ki mouri 25 out 2012 nan Cincinnati, Ohio, se yon astwonot ameriken.

Li se premye moun ki mache sou lalin nan lane 1969, pandan misyon espasyal Apollo XI.

Nouvèl lin

Nouvèl lin se yon faz lalin ki parèt lè lalin nan ant tè a ak solèy la; nan pwen sa a, lalin nan pa vizib paske mwatye li ki klere bay fas sou solèy la epi pati sonm lan bay fas sou tè a.

Perije

Perije se yon pwen nan òbit eliptik lalin nan ki pi pre ak tè a.

Plèn lin

Plèn lin se yon etap ki fèt lè tout sifas lalin ki anfas tè a klere.

Rejyon montaye

Rejyon montaye se yon espas nan lalin ki gen koulè pal, ki montaye, ki gen anpil kratè epi ki konpoze prèske avèk brèch lalin nan.

Solèy

Solèy se etwal nou. Planèt yo ak lalin nan kap vire alantou solèy la fòme sistèm solè nou an. Syantis yo voye nan lespas navèt espasyal kap vire alantou tè ya tankou yon satelit. Syantis yo voye navèt espasyal, ki se yon sonn pou lòt planèt yo. Satelit ak sonn yo voye enfòmasyon retounen sou latè. Selon enfòmasyon sa yo fè nou konnen ke tout planèt ak lalin yo genyen anpil bagay ki menm jan. Se menm jan tou nou konnen genyen anpil lòt fason yo diferan yon ak lòt.

Yon galaksi se yon pakèt etwal ki gwoupe ansanm. Solèy la se yon n nan paket etwal yo ki nan galaksi nou an. Tout etwal yo genyen menm pwopriyete chimik. Genyen etwal ki gwo. Genyen etwal ki piti. Genyen etwal ki granmoun. Genyen etwal ki jenn. Genyen etwal ki pi cho pase lòt.

Genyen anpil milye galaksi nan monn nan. Galaksi sa yo genyen anpil bagay ladan yo ki sanble avek galaksi pa nou an. Yo fèt avèk men m eleman, men fòs, e se men m kalite fòm enèji ke nou jwenn nan sistèm solè nou an.

Syèl

Syèl, Espas vid moun kapab wè anlè a kote zetwal, lalin avèk tout lòt planèt yo ye.

Nan lòt lang

This page is based on a Wikipedia article written by authors (here).
Text is available under the CC BY-SA 3.0 license; additional terms may apply.
Images, videos and audio are available under their respective licenses.