Edikasyon timoun

Edikasyon timoun ap montre kouman lòm ap vini lòm, kouman lòm ap viv evè dot lom.

Etap nan Devlopman Entelektyèl timoun

Etap nan Devlopman Entelektyèl timoun, selon Jean Piaget

Devlopman

Chanjman natirèl ki fèt nan yon timoun ki ap grandi. Li gen 2 faktè prensipal ki afekte chanjman sa se matirite ak eksperyans. Matirite a ka depann de sante timoun nan ak ras (trè familyal). Eksperyans la depann de kijan moun jwe avèk li epi ki kote li rete, ki sa sosyete a vle li konnen. Lekòl se youn nan faktè sosyal yo. Sa ki pi enpòtan nan lide ki di gen yon sekans devlopman natirèl nan lespri ak kò timoun, se

1) Plis nou ba li eksperyans ki koresponn ak laj li, plis nap ede li vanse alèz nan pwochen etap la. 2) Eseye montre yon timoun yo leson ki twò fò pou laj li ka pote pedi tan, dekourajman, ak fè kolè. Tandis ke lè ou bay yon timoun eksperyans ki koresponn ak kote li ye nan devlopman li, ou pa bezwen rele li vin aprann, l’ap patisipe san pwoblèm.

Piaget fè yon seri eksperyans ak timoun depi laj ti bebe jiska adolesans. Li vin divize devlopman entelektyèl timoun an 4 etap:

Ti bebe depi nesans jiska 2 an

I) Ti bebe depi nesans jiska 2 an: sensoriomotris. Timoun nan aprann gras a sans li. Li gen bagay li fé li tou konnen, epi li chare sa li wè oubyen sa li tande. Metòd prensipal li pou li aprann se eseye refè kèk bagay li fè pa aksidan oubyen kèk bagay li wè lòt moun ap fè. Rekonèt manman se antisipasyon: timoun elaji konesans li nan yon domèn. Kiryosite komanse devlope ak vizyon Klasifikasyon primitif: Li komanse wè resanblans… Relasyon primitif: Li kòmanse met ansanm mouvman li fè ak rezilta mouvman an

Timoun 1-2 an

II) Timoun 1-2 an: Kòmanse wè gen tout yon seri aksyon ki mache ansanm Kòmanse konprann kantite: Mama mam ma tounen mama. Aji mwens pa aksidan, plis paske se vle li vle fè yon bagay Ka rekonèt yon objè menm si li wè yon pati ladan sèlman, men li pa vreman chèche bagay li pa wè. Devlopman langaj ap pèmèt nonmen objè yo, donk kounyeya li ka kòmanse devlope pèmanans objè paske li ka pale sou sa li pa wè.

2 an jiska 7 an

III) 2 an jiska 7 an pre-operasyon,devlopman senbòl,devlopman pèmanans,devlopman ekstraòdinè nan langaj. Jwèt senbolik: li revize tout sa li wè kòm sekans kopòtman. Li jwe diferan wòl li wè moun ap jwe nan sosyete a. Li manipile anviwònman li. Langaj la vin yon zouti trè trè enpotan nan devlopman entelektyèl timoun nan, se yon nesesite ki ede timoun nan devlope panse silansyez li

7 an jiska 11

IV) 7 an jiska 11 se operasyon konkrè

11 an

V) 11 an se operasyon fòmèl

Piaget rele laj timoun preskolè yo etap sensoriomotris ak pre-operasyonèl. Li rele laj timoun 7 a 11 an, laj operasyon konkrè. Timoun ki ap antre nan primè yo se timoun ki nan yon tranzisyon pou yo antre nan etap operasyon konkrè a.

Men kijan chanjman yo ap opere nan diferan domèn entelektyèl:

Chanjman

Klasifikasyon

A) Klasifikasyon: a. Rekonèt yon objè ki tonbe nan yon kategori b. Triye selon yon kategori avèk yon dimansyon c. Klasifikasyon konkrè selon kategori ak sou-kategori

Relasyon

B) Relasyon: Ranje soti nan pi pitit rive nan pi gwo a. Triye an 2 gwoup, piti ak gwo. b. Ranje soti nan pi piti rive nan pi gwo men pa ka pran yon lòt objè pou rantre li nan aranjman ki deja fèt la. c. Kapab ranje objè yo pa lòd gwosè yo fasilman, kapab fè 2 gwoup ki koresponn selon dimansyon yo.

Nimerasyon

C) Nimerasyon a. Timoun nan komanse komprann “plis” men lè ou ranje 2 menm kantite objè, li di sa ki pran plis plas la gen plis. b. Timoun nan kòmanse konprann “youn pou chak”, men lè objè yo an dezòd timoun nan gaye. c. Timoun nan vin konprann kelkeswa jan ou ranje yon pil objè, si ou pa ajoute, ou pa wete, kantite a rete menm.

D)

Konsèvasyon

Konsèvasyon: kantite matyè, pwa, volim a. Kèlkeswa lajè yon bokal, timoun nan panse menm wotè vle di menm valè. b. Timoun nan kòmanse pale sou enpòtans lajè veso a men li pa sèten kijan pou li konnen kilès ki gen plis. c. Timoun nan kapab konsève, li konnen kèlkeswa fòm veso a yon valè rete menm si ou pa ni ajoute, ni retire ladan li.

An Jeneral, Pandan ane lekòl primè yo timoun yo ap chanje fason panse yo, kapasite entelektyèl yo ap chanje dapre faktè sa yo:

1) Timoun nan fòme jijman li ak kategori li selon sa li wè nan tan prezan, li pa si tèlman koprann dinamik chanjman. Pandan li lekòl l’ap devlope konpreyansyon chanjman.

2) Lè timoun nan ap fè konparezon li santre sou yon sèl aspè oubyen karakteristik. Pandan li lekòl li ap apran desantre, konsidere plizyè aspè, plizye karakteristik.


3) Timoun nan pral vin aprann tou kijan kèk operasyon ak aspè ka revire.

4) Timoun ki fèk ap antre lekòl gen anpil bagay yo kapab fè men yo pa ka pale sou yo oubyen esplike sa y’ap fè. Pandan timoun nan lekòl la ka devlope yon konsyans sou sa li konnen, sa li aprann.

5) Aprantisaj ak memwa pa fòme sou yon sèvo vyèj. Sa timoun nan ka sonje pral depann de sa li deja aprann, de ki etap li franchi deja nan devlopman li. Konesans li ap fòme ak refòme tout tan selon eksperyans li ak kwasans li.

Ayiti

Ayiti, rele tou Repiblik Ayiti (franse : République d’Haïti), se yonn nan peyi nan Gran Zantiy ki okipe tyè lwès sou zile Ayiti oswa Kiskeya nan lang premye abitan yo. Kapital Ayiti se Pòtoprens (franse : Port-au-Prince).

Se gras ak leve kanpe esklav Sendomeng yo Repiblik Ayiti rive kale nan lane 1804. Se premye peyi nwa ki rache libète li poukont li anba men lame fransèz. Popilasyon premye leta ki sòti anba chenn lesklavaj epòk kolonyalis ak rasis la gen plis nwa pase blan. Se Ayisyen nwa lwès yo ki te ede ayisyen milat lwès yo kwape moun otorite panyòl yo pou yo jwi endepandans kont Espay. Pandan 25 lane tou de pati yo te fè yonn, yo te gen menm prezidan Jean-Pierre Boyer. Men menm Jan sou konplisite politik jeneral Ferrand ak yon ti ponyen fransè te fè Espay okipe pati lès la. Se konsa Lafrans redivize li ankò ak zafè dèt pou lendepandans lan ki merite jistis ak reparasyon.

Ayiti se yon repiblik ki kòmanse fe eksperyans avèk demokrasi depi lane 1987. Peyi Dayiti konnen yon diktati sòti nan lane 1957 jiska 1986 anba men François Duvalier ak Jean-Claude Duvalier. Aprè mouvman sosyal ki rive pran nan tout peyi a, Jean-Claude Duvalier rive kite pouvwa nan dat 7 fevriye 1986 la. Aprè depa Prezida Jan Klod Divalye, Repiblik Ayiti rive genyen yon lòt konstitisyon nan dat ki se 29 mas 1987. Depi kèk tan Ayiti se yon peyi ki ap eseye òganize tèt li ak rekonstwi li sitou aprè gwo tranbleman tè 12 janvye 2010 a kite ravaje li kote plis pase 300.000 moun mouri. Goudougoudou sa a te kraze yon pati nan peyi a.

Ayiti se yon bout zile ki gen yon listwa patikilye epi li genyen anpil bèl sit touristik ak anpil bèl plaj parapò ak kèk lòt peyi nan rejyon Karayib la. Ayiti te pami peyi ki gen destinasyon touristik nan karayib la nan lane 1950, 1960, epi 1970.

Konjige goumen

Gade definisyon goumen

Nan lòt lang

This page is based on a Wikipedia article written by authors (here).
Text is available under the CC BY-SA 3.0 license; additional terms may apply.
Images, videos and audio are available under their respective licenses.